« Jistis pou Jovenel : Ariel pran lwa depi l tande koze sa epi yo ta touye Dragon nan pwazon », daprè on nòt vokal yo atribye a Jij Orélien

Merci de partager


Genyen nouvo detay ki pran lari nan koze asasinay sou Prezidan Jovenel Moïse la. Mèkredi 16 mas 2022 a, Medya Haïti Infos Pro lage on mesaj vokal ki daprè sa li ekri se on deklarasyon Jij Gary Orélien fè lè li te reskonsab ankèt jidisyè asasinay Jovenel. Si nou pa konn pou kilès Jij Orélien t ap voye mesaj la, nou kapab di anpil pawòl pale : On lòt fwa, Jij Orélien di Ariel Henry pa vle tande pale de koze jistis pou Jovenel e pi grav, Orélien fè konprann ke lanmò prezime asasen Gilbert Dragon ta provoke aprè yo finn ba li pwazon. Nan mesaj sila a, Orélien te montre ke li te pè pou yo pa touye Dimitri Herard ak Laguel Civil tou anndan penitansye pou yo ka pa pale.


Se pou dezyèm fwa a, on medya devwale on mesaj kote on vwa ki ta vwa Jij Orélien ap dekri kijan Premye Minis Ariel Henry konstitiye on blokaj pou ankèt la abouti. Nou tande klè kou dlo kòk, vwa a ki ap di : « Ariel pa vle tande bagay sa ditou.[..] M ap montre Ariel m kanpe m goumen avè l. Ni dwayen, ni avoka l yo, ni zanmi l yo, yo pa vle bagay sa. Pa vini an pa bon pou li. M ap toujou lage l nan kouri.”


Li ta bon pou nou mande tèt nou si Jij Orélien pral plede e di se pa li on lòt fwa e si Mesye Henry ap reyaji sou deklarasyon sila a. Pandanstan, Jistis pou Jovenel la sou dlo, nou ka konte sou tèt dwèt moun ki kwè l ap abouti nan yon tan ki pa twò long.


Unissons Nous

About Bath-Schéba NG Joseph

Check Also

Carrefour-Feuilles : Les déplacés réclament l’aide de l’armée d’Haïti

Merci de partager À Carrefour-Feuilles, la situation n’a pas évolué. Les habitants ne peuvent pas …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Social Share Buttons and Icons powered by Ultimatelysocial