Cha ki t ap asire sonorizasyon nan pakou mach kont diktati a fè aksidan devan plas piblik Canapé-vert a

Merci de partager

Cha ki t ap asire pakou mach kont diktati dimanch 28 fevriye a, fè aksidan devan plas piblik Canapé-vert a . plizyè moun blese , men pa gen moun ki mouri.

Nan kad mach kont diktati ki ap fè jodi dimanch 28 fevriye a , youn nan cha mizikal ki t ap asire son sou pakou mach la, rive fè aksidan, ensidan sa a pwodwi pandan cha a pèdi fren devan plas piblik Canapé-Vert . Plizyè anbilans gentan rive pou mennen moun ki blese yo lopital an ijans. Men redaksyon UNISSONS-NOUS pa konstate pyès moun ki mouri.

Pou moman sa , plizyè anbilans gentan sou plas pou pote swen ak moun ki blese yo.

N ap raple mach sa te òganize pa sektè pwotestan ak sosyete sivil la.

About Herby Evariste

Check Also

Le Premier ministre Ariel Henry souhaite mobiliser les forces armées d’Haïti

Merci de partager Ce vendredi 17 mars 2022, le chef du gouvernement Ariel Henry a …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Social Share Buttons and Icons powered by Ultimatelysocial